Developman Ajennda Ak Estrateji Nimerik Pou Deseni Desandan Afriken Yo

Posted by | February 17, 2014
  • Journal: The Afrolatin@ Project

 

Tradiksyon pa Mamyrah A. Dougé-Prosper

An desanm 2013, Nasyon Zini deklare ane 2015 a 2024 kòm Deseni Entènasyonal Desandan Afriken. Malgre yo rekonèt nou kòm sitwayen nan peyi nou, Afrolatin@ kontinye ap goumen pou enklizyon, otonomi, dwa ak jistis. Afrolatin@ Project (ALP) ap kontinye defann lit desandan Afriken yo pou dwadelòm. Pou sa, ALP itilize zouti nimerik pou prezève kilti ak istwa desandan Afriken yo, ogmante vizibilite nou, ak amelyore aksè nou tankou sitwayen kelkeswa kote nou rete.

 

ALP konnen desandan Afriken yo ap benefisye anpil si nou entegre teknoloji enfòmasyon ak kominikasyon (TEK) ak plis siksè nan ajennda ak estrateji nou. Rechèch aktyèl montre zouti nimerik ak lòt ki sèvi ak entènet (mobil ladann tou), ansanm ak medya sosyal, ka konplemante aksyon sosyal ak founi estrateji pou kominikasyon ki nèf ak eksepsyonèl.

 

TEK paka ranplase obligasyon politik ak sivik gouvènman yo gen pou defann, afime ak promouvwa dwa desandan Afriken yo kòm sitwayen veritab. Ni nou pa sijere pou òganizasyon baz yo ranplase pwogram ki egziste deja ak teknoloji. Nou gen konsyans inegalite ki egziste nan itilizasyon ak aksè teknoloji, sa nou rele “divizyon nimerik” la, e nou reyalize nou dwe vijilan pou nou pa repwodi menm inegalite sa yo. Teknoloji pap elimine tout injistis sosyal yo, men TEK, espesyalman telefòn mobil, deja pwouve jan yo benefik globalman pou kominite defavorize yo. Li enpòtan pou Afrolatin@ konsidere posibilite nan zefò yo pou reyalize yon egalite total pou nou jwi dwa nou tankou sitwayen.

 

Etno-edikasyon, Resansman, ak TEK

 

Anpil jèn jodia grandi ak lòt kalte teknoloji. Yo ka benefisye plis ak yon mouvman desandan Afriken ki rekonèt potansyèl pozitif TEK. Pou nou fè fas a pwoblèm etno-edikasyon nan kominote nou yo, nou dwe konsidere itilizasyon telefòn mobil pou nou angaje jèn yo nan tout nivo alfabetizasyon. Poutèt itilizasyon telefòn mobil yo pwopaje, yo ka sèvi pou delivre materyèl edikasyonèl sou kilti ak istwa “etno-edikasyon” nan tout nivo skolè depi lekòl primè rive nan inivèsite.

 

Telefòn mobil rann li posib pou nou edike san nou pa bezwen tann aksyon gouvènman ofisyel. Menm si pwofesè yo limite nan sa yo ka fè, apò yo ak patisipasyon yo nan devlopman materyèl yo dwe ajoute kote sa dwa. Oganizasyon kominotè k’ap travay ak jèn yo dwe enkòpore itilizasyon telefòn mobil nan travay k’ap fèt yo. Rezilta ak benefis yo anpil: 1) ankouraje yon jenès ki konekte pou kreye resous nimerik sou pwòp istwa ak kilti yo avèk aparèy mobil yo; 2) rann materyèl sou desandan Afriken yo disponib pou edikasyon fòmèl ak sant rechèch atravè platfòm aksè lib; ak 3) ankouraje devlopman konpetans edikasyonèl tradisyonèl ak nimerik pami jèn Afrolatin@ yo ki itilize zouti teknolojik.

 

Telefòn mobil yo ka ede nou ogmante zefò leve konsyans nou anvan pwochen seri resansman nan Amerik Latin, Karayib ak Etazini. Nou konnen kategori resansman yo se yon eleman kle ki limite vizibilite desandan Afriken yo nan pi fò peyi. Jan yo konte diferan gwoup nan resansman yo konekte ak politik piblik ak finansman pou resous estratejik tankou edikasyon, travay ak sèvis sosyal. Telefòn mobil yo ka ede nou devlope  kesyon demografik efikas oubyen pou voye notifikasyon sou enpòtans patisipasyon nan resansman. Nou ka itilize yo pou mezire presizyon kontaj resansman ofisyèl gouvènman yo fè pandan pwochen dis lane e plis.

 

 

Objektik Estrateji Nimerik ak Devlopman Milenè

 

Deklarasyon Diban (Durban) a, nan Konferans Mondyal kont Rasis, Diskriminasyon ak Zenofobi ki te fèt nan lane 2001 an Afrik Disid, afime “itilizasyon teknoloji nèf…ka kontribye nan eliminasyon rasis, diskriminasyon rasyal, zenofobi ak lòt entolerans.” Pita nan menm ane a, chèf deta Amerik Latin ak Karayib yo te rankontre nan vil Florianopolis nan peyi Brezil pou yo ekri Deklarasyon Florianopolis la. Florianopolis fè apèl a gouvènman yo pou yo konsantre sou devlope konpetans teknolojik sitwayen yo. Pi enpòtan toujou, Florianopolis repete apèl pou itilizasyon TEK pou adrese inegalite rejyonal sosyo-ekonomik, yon pwoblèm pèsistan pou desandan Afriken yo. Depi konferans sila, lemonn te temwen yon rekridesans nan jan gwoup ak kominote yo itilize zouti nimerik ak Web 2.0 pou amelyore kapasite òganizasyonel yo, ogmante echanj ak sikilasyon enfòmasyon, ak ranfòse aktivis sosyal.

 

 

Nan dènye 13 lane e plis ki sot pase yo, gouvènman rejyonal nan Amerik Latin ak Karayib yo menm devlope yon plan daksyon nasyonal nimerik sou plizyè lane. Gouvènman rejyonal yo ak sosyete sivil la (kankou nan Kolonbi, Panama, Brezil, Bolivi, Jamayik, Trinidad ak Tobago, ak Ayiti) lanse kèk inisyativ ki konsantre sou TEK ak itilizasyon teknoloji mobil pou adrese defi kotidyen defavorize yo. An oktòb 2013, Sekretarya Jeneral Ibero-Amerik, ki fèk lanse inisyativ “Citizen 2.0” (Sitwayen 2.0) ak “AfroXXI”, te fè yon konferans nan vil Panama nan peyi Panama kote li mande chèf deta yo pou yo pòte plis atansyon sou jan teknoloji ka ankouraje transparans ak sipòte defavorize yo.

 

San dout depi Diban, nou antan desandan Afriken fè anpil pwogrè nan ogmantasyon vizibilite akonplisman nou. Plizyè konferans desandan Afriken te soulinye bezwen kominote Afrolatin@ yo pou yo devlope konpetans yo ak TEK nan ajennda yo. Konferans sila yo rekòmande tou pou nou konstwi alyans avèk tokay nou nan tout Afrik kontinantal la. Pwojè Afrolatin@ a kwè li kritik pou desandan Afriken yo konbine de konsèp sa yo pou yo aprann nan egzanp ogmantasyon kantite pwojè k’ap fèt nan Afrik kontinantal ak lòt rejyon an devlopman ki itilize TEK pou yo adrese bezwen moun ki majinalize avèk sa ki pa gen dwa.
Konklizyon

Pwojè Afrolatin@ ap kontinye elaji itilizasyon Teknoloji Enfòmasyon ak Kominikasyon (TEK) ak zouti Web 2.0 pou prezève kilti ak istwa Afrolatin@ e pou ogmante aksè ak vizibilite nou. N’ap vize pou sipòte lòt òganizasyon ak kominote Afrolatin@ atravè fòmasyon ak edikasyon sou jan nou ka pwofite ak teknoloji global yo pou nou adrese pwoblèm lokal yo. Sèl jan pou nou sèten Afrolatin@ pap ret dèyè, se pou nou entegre zouti TEK ak devlope inisyativ ki santre sou TEK nan ajennda ak estrateji desandan Afriken yo.

 

Nan objektif atik sa, ALP itilize Afrolatin@s ak desandan Afriken pou dekri moun ki sòti nan Amerik Latin, Karayib ak nan tout lòt dyaspora afriken yo.

 

Leave a Reply

Your email address will not be published. Required fields are marked *

*

You may use these HTML tags and attributes: <a href="" title=""> <abbr title=""> <acronym title=""> <b> <blockquote cite=""> <cite> <code> <del datetime=""> <em> <i> <q cite=""> <strike> <strong>